2025 US Citizenship Test

Questions 1-15: Principles of American Government

[Try Flash Cards]
English
Question 01

What is the form of government of the United States?

  • Republic
  • Constitution-based federal republic
  • Representative democracy
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 01 (Pa ofisyèl)

Ki fòm gouvènman peyi Etazini genyen?

  • Repiblik
  • Repiblik federal ki baze sou yon Konstitisyon
  • Demokrasi reprezantatif
English
Question 02

What is the supreme law of the land? *

  • (U.S.) Constitution
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 02 (Pa ofisyèl)

Ki pi gwo lwa ki gen nan peyi a? *

  • Konstitisyon an (Etazini)
English
Question 03

Name one thing the U.S. Constitution does.

  • Forms the government
  • Defines powers of government
  • Defines the parts of government
  • Protects the rights of the people
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 03 (Pa ofisyèl)

Di m yon bagay Konstitisyon Etazini an fè.

  • Li fòme gouvènman an
  • Li defini pouvwa gouvènman an
  • Li defini pati ki gen nan gouvènman an
  • Li pwoteje dwa pèp la
English
Question 04

The U.S. Constitution starts with the words "We the People." What does "We the People" mean?

  • Self-government
  • Popular sovereignty
  • Consent of the governed
  • People should govern themselves
  • (Example of) social contract
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 04 (Pa ofisyèl)

Konstitisyon Etazini an konmanse avèk mo sa yo: "Nou menm Pèp la" (We the People). Kisa "Nou menm Pèp la" vle di?

  • Gouvènman pwòp tèt yo (Oto-gouvènman)
  • Souvrenete popilè
  • Konsantman moun y ap gouvène yo
  • Pèp la dwe gouvènen pwòp tèt yo
  • (Yon egzanp) kontra sosyal
English
Question 05

How are changes made to the U.S. Constitution?

  • Amendments
  • The amendment process
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 05 (Pa ofisyèl)

Ki jan yo fè chanjman nan Konstitisyon Etazini an?

  • Amandman yo
  • Pwosesis amandman an
English
Question 06

What does the Bill of Rights protect?

  • (The basic) rights of Americans
  • (The basic) rights of people living in the United States
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 06 (Pa ofisyèl)

Kisa Deklarasyon Dwa yo (Bill of Rights) pwoteje?

  • Dwa (fondamantal) moun ki ameriken yo
  • Dwa (fondamantal) moun k ap viv nan peyi Etazini
English
Question 07

How many amendments does the U.S. Constitution have? *

  • Twenty-seven (27)
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 07 (Pa ofisyèl)

Konbyen amandman Konstitisyon Etazini an genyen? *

  • Vennsèt (27)
English
Question 08

Why is the Declaration of Independence important?

  • It says America is free from British control.
  • It says all people are created equal.
  • It identifies inherent rights.
  • It identifies individual freedoms.
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 08 (Pa ofisyèl)

Pouki sa Deklarasyon Endepandans lan enpòtan?

  • Li di Amerik lib anba kontwòl peyi Angletè
  • Li di tout moun fèt egal ego
  • Li rekonèt dwa natirèl (dwa nannan) yo
  • Li rekonèt libète chak moun genyen
English
Question 09

What founding document said the American colonies were free from Britain?

  • Declaration of Independence
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 09 (Pa ofisyèl)

Ki dokiman fondatè ki te di koloni ameriken yo te lib anba peyi Angletè?

  • Deklarasyon Endepandans lan
English
Question 10

Name two important ideas from the Declaration of Independence and the U.S. Constitution.

  • Equality
  • Liberty
  • Social contract
  • Natural rights
  • Limited government
  • Self-government
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 10 (Pa ofisyèl)

Di m de lide enpòtan ki nan Deklarasyon Endepandans lan ak nan Konstitisyon Etazini an.

  • Egalite
  • Libète
  • Kontra sosyal
  • Dwa natirèl yo
  • Gouvènman limite
  • Gouvènman pwòp tèt yo (Oto-gouvènman)
English
Question 11

The words "Life, Liberty, and the pursuit of Happiness" are in what founding document?

  • Declaration of Independence
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 11 (Pa ofisyèl)

Nan ki dokiman fondatè mo sa yo ye: "Lavi, Libète, ak chèche Kè Kontan" (Life, Liberty, and the pursuit of Happiness)?

  • Deklarasyon Endepandans lan
English
Question 12

What is the economic system of the United States? *

  • Capitalism
  • Free market economy
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 12 (Pa ofisyèl)

Ki sistèm ekonomik ki gen nan peyi Etazini? *

  • Kapitalis
  • Ekonomi mache lib
English
Question 13

What is the rule of law?

  • Everyone must follow the law.
  • Leaders must obey the law.
  • Government must obey the law.
  • No one is above the law.
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 13 (Pa ofisyèl)

Kisa Sipremasi Lalwa (Rule of Law) vle di?

  • Tout moun dwe obeyi lalwa
  • Dirijan yo dwe obeyi lalwa
  • Gouvènman an dwe obeyi lalwa
  • Pèsonn pa pi wo pase lalwa
English
Question 14

Many documents influenced the U.S. Constitution. Name one.

  • Declaration of Independence
  • Articles of Confederation
  • Federalist Papers
  • Anti-Federalist Papers
  • Virginia Declaration of Rights
  • Fundamental Orders of Connecticut
  • Mayflower Compact
  • Iroquois Great Law of Peace
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 14 (Pa ofisyèl)

Gen anpil dokiman ki te enfliyanse Konstitisyon Etazini an. Ban m non youn.

  • Deklarasyon Endepandans lan
  • Atik Konfederasyon yo (Articles of Confederation)
  • Papye Federalis yo (Federalist Papers)
  • Papye Anti-Federalis yo (Anti-Federalist Papers)
  • Deklarasyon Dwa Vijini (Virginia Declaration of Rights)
  • Lòd Fondamantal Connecticut (Fundamental Orders of Connecticut)
  • Kontra Mayflower la (Mayflower Compact)
  • Gwo Lwa sou Lapè Iroquois yo (Iroquois Great Law of Peace)
English
Question 15

There are three branches of government. Why?

  • So one part does not become too powerful
  • Checks and balances
  • Separation of powers
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 15 (Pa ofisyèl)

Gen twa branch nan gouvènman an. Pouki sa?

  • Pou yon pati pa vin gen twòp pouvwa
  • Pou gen kontwòl ak ekilib (Checks and balances)
  • Separasyon pouvwa yo