2025 US Citizenship Test

Questions 73-89: American History - Colonial Period and Independence

[Try Flash Cards]
English
Question 73

The colonists came to America for many reasons. Name one.

  • Freedom
  • Political liberty
  • Religious freedom
  • Economic opportunity
  • Escape persecution
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 73 (Pa ofisyèl)

Kolon yo te vini an Amerik pou anpil rezon. Di m non youn.

  • Libète
  • Libète politik
  • Libète relijyon
  • Opòtinite ekonomik
  • Sove anba pèsekisyon
English
Question 74

Who lived in America before the Europeans arrived? *

  • American Indians
  • Native Americans
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 74 (Pa ofisyèl)

Ki moun ki te rete an Amerik anvan Ewopeyen yo te vini? *

  • Endyen ameriken yo
  • Natif natal ameriken yo
English
Question 75

What group of people was taken and sold as slaves?

  • Africans
  • People from Africa
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 75 (Pa ofisyèl)

Ki gwoup moun yo te pran epi vann kòm esklav?

  • Afriken yo
  • Moun ki te soti an Afrik
English
Question 76

What war did the Americans fight to win independence from Britain?

  • American Revolution
  • The (American) Revolutionary War
  • War for (American) Independence
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 76 (Pa ofisyèl)

Ki jan yo rele lagè kolon ameriken yo te goumen pou yo te ka jwenn endepandans yo nan men peyi Angletè?

  • Revolisyon Ameriken an
  • Lagè Revolisyon Ameriken an
  • Lagè pou Endepandans lan
English
Question 77

Name one reason why the Americans declared independence from Britain.

  • High taxes
  • Taxation without representation
  • British soldiers stayed in Americans' houses (boarding, quartering)
  • They did not have self-government
  • Boston Massacre
  • Boston Tea Party (Tea Act)
  • Stamp Act
  • Sugar Act
  • Townshend Acts
  • Intolerable (Coercive) Acts
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 77 (Pa ofisyèl)

Di m yon rezon ki te fè kolon ameriken yo deklare endepandans yo anba peyi Angletè.

  • Gwo taks yo t ap peye
  • Yo t ap peye taks san yo pa gen reprezantan nan palman an (Taxation without representation)
  • Sòlda angle yo te desann loje nan kay moun yo san mande (pansyon, kazèn)
  • Yo pa t gen dwa gouvènen pwòp tèt yo
  • Masak nan Boston (Boston Massacre)
  • Pati Te nan Boston (Boston Tea Party / Lwa sou Te a)
  • Lwa sou Timb la (Stamp Act)
  • Lwa sou Sik la (Sugar Act)
  • Lwa Townshend yo (Townshend Acts)
  • Lwa Intolerab yo (Intolerable Acts / Lwa fòse yo)
English
Question 78

Who wrote the Declaration of Independence? *

  • (Thomas) Jefferson
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 78 (Pa ofisyèl)

Ki moun ki te ekri Deklarasyon Endepandans lan? *

  • (Thomas) Jefferson
English
Question 79

When was the Declaration of Independence adopted?

  • July 4, 1776
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 79 (Pa ofisyèl)

Ki lè yo te adopte Deklarasyon Endepandans lan?

  • 4 jiyè 1776
English
Question 80

The American Revolution had many important events. Name one.

  • (Battle of) Bunker Hill
  • Declaration of Independence
  • Washington Crossing the Delaware (Battle of Trenton)
  • (Battle of) Saratoga
  • Valley Forge (Encampment)
  • (Battle of) Yorktown (British surrender at Yorktown)
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 80 (Pa ofisyèl)

Revolisyon Ameriken an te gen anpil evènman enpòtan. Di m non youn.

  • (Batay nan) Bunker Hill
  • Deklarasyon Endepandans lan
  • George Washington k ap travèse rivyè Delaware (Batay nan Trenton)
  • (Batay nan) Saratoga
  • Kanpman nan Valley Forge
  • (Batay nan) Yorktown (rann tèt fòs angle yo nan Yorktown)
English
Question 81

There were 13 original states. Name five.

  • New Hampshire
  • Massachusetts
  • Rhode Island
  • Connecticut
  • New York
  • New Jersey
  • Pennsylvania
  • Delaware
  • Maryland
  • Virginia
  • North Carolina
  • South Carolina
  • Georgia
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 81 (Pa ofisyèl)

Te gen 13 premye Eta. Ban m non senk (5) ladan yo.

  • New Hampshire
  • Massachusetts
  • Rhode Island
  • Connecticut
  • New York
  • New Jersey
  • Pennsylvania
  • Delaware
  • Maryland
  • Virginia
  • North Carolina
  • South Carolina
  • Georgia
English
Question 82

What founding document was written in 1787?

  • (U.S.) Constitution
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 82 (Pa ofisyèl)

Ki dokiman fondatè ki te ekri nan lanne 1787?

  • Konstitisyon an (Etazini)
English
Question 83

The Federalist Papers supported the passage of the U.S. Constitution. Name one of the writers.

  • (James) Madison
  • (Alexander) Hamilton
  • (John) Jay
  • Publius
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 83 (Pa ofisyèl)

Papye Federalis yo (Federalist Papers) te soutni pasaj ak apwobasyon Konstitisyon Etazini an. Di m non youn nan moun ki te ekri yo.

  • (James) Madison
  • (Alexander) Hamilton
  • (John) Jay
  • Publius
English
Question 84

Why were the Federalist Papers important?

  • They helped people understand the (U.S.) Constitution.
  • They supported passing the (U.S.) Constitution.
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 84 (Pa ofisyèl)

Pouki sa Papye Federalis yo te enpòtan?

  • Yo te ede moun konprann Konstitisyon an (Etazini) pi byen
  • Yo te sipòte ak ankouraje apwobasyon Konstitisyon an (Etazini)
English
Question 85

Benjamin Franklin is famous for many things. Name one.

  • Founded the first free public libraries
  • First Postmaster General of the United States
  • Helped write the Declaration of Independence
  • Inventor
  • U.S. diplomat
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 85 (Pa ofisyèl)

Benjamin Franklin pi popilè pou anpil bagay. Di m youn ladan yo.

  • Li te konmanse premye bibliyotèk piblik gratis yo
  • Li te Premye Direktè Jeneral Lapòs nan peyi Etazini
  • Li te ede ekri Deklarasyon Endepandans lan
  • Envantè
  • Diplomat ameriken
English
Question 86

George Washington is famous for many things. Name one. *

  • "Father of Our Country"
  • First president of the United States
  • General of the Continental Army
  • President of the Constitutional Convention
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 86 (Pa ofisyèl)

George Washington pi popilè pou anpil bagay. Di m youn ladan yo. *

  • "Papa Peyi Nou An"
  • Premye Prezidan peyi Etazini
  • Jeneral Lame Kontinantal la
  • Prezidan Konvansyon pou Konstitisyon an
English
Question 87

Thomas Jefferson is famous for many things. Name one.

  • Writer of the Declaration of Independence
  • Third president of the United States
  • Doubled the size of the United States (Louisiana Purchase)
  • First Secretary of State
  • Founded the University of Virginia
  • Writer of the Virginia Statute on Religious Freedom
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 87 (Pa ofisyèl)

Thomas Jefferson pi popilè pou anpil bagay. Di m youn ladan yo.

  • Moun ki te ekri Deklarasyon Endepandans lan
  • Twazyèm Prezidan peyi Etazini
  • Li te double gwosè peyi Etazini (Acha Lwizyann / Louisiana Purchase)
  • Premye Sekretè d Eta
  • Li te fonde Inivèsite Vijini
  • Moun ki te ekri Lwa Vijini sou Libète Relijyon
English
Question 88

James Madison is famous for many things. Name one.

  • "Father of the Constitution"
  • Fourth president of the United States
  • President during the War of 1812
  • One of the writers of the Federalist Papers
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 88 (Pa ofisyèl)

James Madison pi popilè pou anpil bagay. Di m youn ladan yo.

  • "Papa Konstitisyon an"
  • Katriyèm Prezidan peyi Etazini
  • Prezidan pandan Lagè lanne 1812 la
  • Youn nan moun ki te ekri Papye Federalis yo
English
Question 89

Alexander Hamilton is famous for many things. Name one.

  • First Secretary of the Treasury
  • One of the writers of the Federalist Papers
  • Helped establish the First Bank of the United States
  • Aide to General George Washington
  • Member of the Continental Congress
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 89 (Pa ofisyèl)

Alexander Hamilton pi popilè pou anpil bagay. Di m youn ladan yo.

  • Premye Sekretè Finans (Trezò a)
  • Youn nan moun ki te ekri Papye Federalis yo
  • Li te ede mete Premye Bank peyi Etazini sou pye
  • Sèvitè (Aide-de-camp) Jeneral George Washington
  • Manm Kongrè Kontinantal la