Who does a U.S. senator represent?
- Citizens of their state
- People of their state
Ki moun yon senatè ameriken reprezante?
- Sitwayen ki nan Eta li a
- Moun ki nan Eta li a
Who elects U.S. senators?
- Citizens from their state
Ki moun ki eli senatè ameriken yo?
- Sitwayen ki nan Eta yo a
Who does a member of the House of Representatives represent?
- Citizens in their (congressional) district
- Citizens in their district
- People from their (congressional) district
- People in their district
Ki moun yon manm Chanm Reprezantan an reprezante?
- Sitwayen ki nan distri (kongresyonèl) yo a
- Sitwayen ki nan distri yo a
- Moun ki nan distri (kongresyonèl) yo a
- Moun ki nan distri yo a
Who elects members of the House of Representatives?
- Citizens from their (congressional) district
Ki moun ki eli manm Chanm Reprezantan yo?
- Sitwayen ki nan distri (kongresyonèl) yo a
Some states have more representatives than other states. Why?
- (Because of) the state's population
- (Because) they have more people
- (Because) some states have more people
Gen kèk Eta ki gen plis reprezantan pase lòt Eta. Pouki sa?
- Poutèt popilasyon Eta a
- Paske yo gen plis moun
- Paske gen kèk Eta ki gen plis moun
The President of the United States is elected for how many years? *
- Four (4) years
Pou konbyen lanne yo eli yon Prezidan peyi Etazini? *
- 4 (kat) lanne
The President of the United States can serve only two terms. Why?
- (Because of) the 22nd Amendment
- To keep the president from becoming too powerful
Prezidan peyi Etazini an ka sèvi sèlman de manda. Pouki sa?
- Poutèt 22yèm Amandman an
- Pou anpeche Prezidan an vin gen twòp pouvwa
What is the name of the President of the United States now? *
- Visit uscis.gov/citizenship/testupdates for the name of the President of the United States.
Ki jan yo rele moun ki Prezidan peyi Etazini an kounye a? *
- Ale sou sit sa a: uscis.gov/citizenship/testupdates pou w ka wè non Prezidan Etazini an.
What is the name of the Vice President of the United States now? *
- Visit uscis.gov/citizenship/testupdates for the name of the Vice President of the United States.
Ki jan yo rele moun ki Vis-Prezidan peyi Etazini an kounye a? *
- Ale sou sit sa a: uscis.gov/citizenship/testupdates pou w ka wè non Vis-Prezidan Etazini an.
If the president can no longer serve, who becomes president?
- The Vice President (of the United States)
Si Prezidan an pa ka sèvi peyi a ankò, ki moun k'ap ranplase l?
- Vis-Prezidan an (peyi Etazini)
Name one power of the president.
- Signs bills into law
- Vetoes bills
- Enforces laws
- Commander in Chief (of the military)
- Chief diplomat
- Appoints federal judges
Di m yon pouvwa Prezidan an genyen.
- Li siyen pwojè lwa yo pou yo tounen lwa
- Li mete veto sou pwojè lwa yo (li rejte yo)
- Li fè respekte ak egzekite lwa yo
- Li sèvi kòm Kòmandan an Chèf fòs lame yo
- Li sèvi kòm chèf diplomat peyi a
- Li nonmen jij federal yo
Who is Commander in Chief of the U.S. military?
- The President (of the United States)
Ki moun ki Kòmandan an Chèf fòs lame peyi Etazini?
- Prezidan an (peyi Etazini)
Who signs bills to become laws?
- The President (of the United States)
Ki moun ki siyen pwojè lwa yo pou yo tounen lwa?
- Prezidan an (peyi Etazini)
Who vetoes bills? *
- The President (of the United States)
Ki moun ki ka mete veto sou pwojè lwa yo (ki ka rejte yo)? *
- Prezidan an (peyi Etazini)
Who appoints federal judges?
- The President (of the United States)
Ki moun ki nonmen jij federal yo?
- Prezidan an (peyi Etazini)