The executive branch has many parts. Name one.
- President (of the United States)
- Cabinet
- Federal departments and agencies
Branch egzekitif la gen anpil pati ladan l. Di m non youn.
- Prezidan an (peyi Etazini)
- Kabinè a
- Depatman ak ajans federal yo
What does the President's Cabinet do?
- Advises the President (of the United States)
Ki ròl Kabinè Prezidan an?
- Bay Prezidan an (peyi Etazini) konsèy
What are two Cabinet-level positions?
- Attorney General
- Secretary of Agriculture
- Secretary of Commerce
- Secretary of Education
- Secretary of Energy
- Secretary of Health and Human Services
- Secretary of Homeland Security
- Secretary of Housing and Urban Development
- Secretary of the Interior
- Secretary of Labor
- Secretary of State
- Secretary of Transportation
- Secretary of the Treasury
- Secretary of Veterans Affairs
- Secretary of War
- Vice-President
- Administrator of the Environmental Protection Agency
- Administrator of the Small Business Administration
- Director of the Central Intelligence Agency
- Director of the Office of Management and Budget
- Director of National Intelligence
- United States Trade Representative
Ban m non de pòs ki nan nivo Kabinè a.
- Sekretè Jistis (Chèf Avoka Leta / Attorney General)
- Sekretè Agrikilti
- Sekretè Komès
- Sekretè Edikasyon
- Sekretè Enèji
- Sekretè Sante ak Sèvis Imen
- Sekretè Sekirite Enteryè
- Sekretè Lojman ak Devlopman Vil yo
- Sekretè Enteryè
- Sekretè Travay
- Sekretè d Eta
- Sekretè Transpò
- Sekretè Finans (Trezò)
- Sekretè Zafè Veteran yo
- Sekretè Defans (Gè)
- Vis-Prezidan an
- Direktè Ajans pou Pwoteksyon Anviwònman an
- Direktè Administrasyon Ti Biznis yo
- Direktè Ajans Ransèyman Santral (CIA)
- Direktè Biwo Jesyon ak Bidjè
- Direktè Ransèyman Nasyonal
- Reprezantan Komèsyal peyi Etazini
Why is the Electoral College important?
- It decides who is elected president.
- It provides a compromise between the popular election of the president and congressional selection.
Pouki sa Kolèj Elektoral la (Electoral College) enpòtan?
- Se li ki deside ki moun ki eli kòm Prezidan
- Li bay yon konpwomi ant vòt popilè pèp la pou Prezidan ak chwa manm Palman an (Kongrè a)
What is one part of the judicial branch?
- Supreme Court
- Federal Courts
Di m yon pati ki nan branch jidisyè a.
- Tribinal Siprèm nan
- Tribinal federal yo
What does the judicial branch do?
- Reviews laws
- Explains laws
- Resolves disputes (disagreements) about the law
- Decides if a law goes against the (U.S.) Constitution
Ki sa branch jidisyè a fè?
- Li revize lwa yo
- Li esplike lwa yo
- Li rezoud diskisyon (dezagreman) sou lalwa
- Li deside si yon lwa pa an akò avèk Konstitisyon an (Etazini)
What is the highest court in the United States? *
- Supreme Court
Ki jan yo rele pi gwo tribinal nan peyi Etazini? *
- Tribinal Siprèm nan
How many seats are on the Supreme Court?
- Nine (9)
Konbyen plas jij ki gen nan Tribinal Siprèm nan?
- 9 (nèf)
How many Supreme Court justices are usually needed to decide a case?
- Five (5)
Konbyen jij nan Tribinal Siprèm nan ki nesesè nòmalman pou deside yon ka?
- 5 (senk)
How long do Supreme Court justices serve?
- (For) life
- Lifetime appointment
- (Until) retirement
Pou konbyen tan jij Tribinal Siprèm yo sèvi?
- Pou tout lavi yo
- Se yon nominasyon pou tout lavi
- Jiskaske yo pran retrèt yo
Supreme Court justices serve for life. Why?
- To be independent (of politics)
- To limit outside (political) influence
Jij Tribinal Siprèm yo sèvi pou tout lavi yo. Pouki sa?
- Pou yo ka endepandan (kont enfliyans politik)
- Pou limite enfliyans (politik) ki soti deyò
Who is the Chief Justice of the United States now?
- Visit uscis.gov/citizenship/testupdates for the name of the Chief Justice of the United States.
Ki jan yo rele Jij an Chèf Tribinal Siprèm peyi Etazini an kounye a?
- Ale sou sit sa a: uscis.gov/citizenship/testupdates pou w ka wè non Jij an Chèf Tribinal Siprèm nan.
Name one power that is only for the federal government.
- Print paper money
- Mint coins
- Declare war
- Create an army
- Make treaties
- Set foreign policy
Di m yon pouvwa ki se sèlman pou gouvènman federal la.
- Enprime lajan an papye
- Frape pyès monnen
- Deklare lagè
- Kreye yon lame
- Siyen akò (traite) ak lòt peyi
- Mete politik etranjè an plas
Name one power that is only for the states.
- Provide schooling and education
- Provide protection (police)
- Provide safety (fire departments)
- Give a driver's license
- Approve zoning and land use
Di m yon pouvwa ki se sèlman pou Eta yo.
- Bay lekòl ak enstriksyon (edikasyon)
- Bay pwoteksyon (lapolis)
- Bay sekirite kont danje (sèvis ponpye)
- Bay lisans pou kondwi
- Apwouve plan zòn ak jan moun ka sèvi ak tè yo
What is the purpose of the 10th Amendment?
- (It states that the) powers not given to the federal government belong to the states or to the people.
Ki bi 10yèm Amandman an?
- Li di tout pouvwa yo pa bay gouvènman federal la se pou Eta yo oubyen pou pèp la yo ye.
Who is the governor of your state now? *
- Answers will vary. [District of Columbia residents should answer that D.C. does not have a governor.]
Ki jan yo rele Gouvènè Eta kote w ap viv la kounye a? *
- Repons yo ap varye. [Moun ki rete nan zòn Washington D.C. dwe reponn D.C. pa gen gouvènè.]
What is the capital of your state?
- Answers will vary. [District of Columbia residents should answer that D.C. is not a state and does not have a capital. Residents of U.S. territories should name the capital of the territory.]
Ki kapital Eta kote w ap viv la?
- Repons yo ap varye. [Moun ki rete nan zòn Washington D.C. dwe reponn D.C. pa yon Eta, li pa gen kapital. Moun ki rete nan teritwa ameriken yo sipoze bay non kapital teritwa a.]