2025 US Citizenship Test

Questions 16-30: System of Government

[Try Flash Cards]
English
Question 16

Name the three branches of government.

  • Legislative, executive, and judicial
  • Congress, president, and the courts
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 16 (Pa ofisyèl)

Ban m non twa branch ki gen nan gouvènman an.

  • Branch lejislatif, egzekitif, ak jidisyè
  • Kongrè a, prezidan an, ak tribinal yo
English
Question 17

The President of the United States is in charge of which branch of government?

  • Executive branch
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 17 (Pa ofisyèl)

Ki branch nan gouvènman an Prezidan peyi Etazini an dirije?

  • Branch egzekitif la
English
Question 18

What part of the federal government writes laws?

  • (U.S.) Congress
  • (U.S. or national) legislature
  • Legislative branch
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 18 (Pa ofisyèl)

Ki pati nan gouvènman federal la ki ekri lwa yo?

  • Kongrè (Etazini) an
  • Palman an (lejislati nasyonal oswa lejislati Etazini)
  • Branch lejislatif la
English
Question 19

What are the two parts of the U.S. Congress?

  • Senate and House (of Representatives)
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 19 (Pa ofisyèl)

Ki de pati ki fè Kongrè Etazini an?

  • Sena a ak Chanm Reprezantan an
English
Question 20

Name one power of the U.S. Congress. *

  • Writes laws
  • Declares war
  • Makes the federal budget
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 20 (Pa ofisyèl)

Di m yon pouvwa Kongrè Etazini an genyen? *

  • Li ekri lwa yo
  • Li deklare lagè
  • Li fè bidjè federal la
English
Question 21

How many U.S. senators are there?

  • One hundred (100)
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 21 (Pa ofisyèl)

Konbyen senatè ki genyen nan peyi Etazini?

  • San (100)
English
Question 22

How long is a term for a U.S. senator?

  • Six (6) years
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 22 (Pa ofisyèl)

Pou konbyen lanne yo eli yon senatè ameriken (manda li)?

  • 6 (sis) lanne
English
Question 23

Who is one of your state's U.S. senators now?

  • Answers will vary. [District of Columbia residents and residents of U.S. territories should answer that D.C. (or the territory where the applicant lives) has no U.S. senators.]
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 23 (Pa ofisyèl)

Ki moun ki youn nan senatè peyi Etazini pou Eta kote w ap viv la kounye a?

  • Repons yo ap varye. [Moun ki rete nan zòn Washington D.C. ak moun ki rete nan teritwa ameriken yo dwe reponn D.C. (oswa teritwa kote moun lan ap viv la) pa gen senatè ameriken.]
English
Question 24

How many voting members are in the House of Representatives?

  • Four hundred thirty-five (435)
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 24 (Pa ofisyèl)

Konbyen manm ki gen dwa vote ki gen nan Chanm Reprezantan an?

  • Kat san trant-senk (435)
English
Question 25

How long is a term for a member of the House of Representatives?

  • Two (2) years
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 25 (Pa ofisyèl)

Pou konbyen lanne yo eli yon manm nan Chanm Reprezantan an (manda li)?

  • 2 (de) lanne
English
Question 26

Why do U.S. representatives serve shorter terms than U.S. senators?

  • To more closely follow public opinion
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 26 (Pa ofisyèl)

Pouki sa manda reprezantan ameriken yo pi kout pase manda senatè ameriken yo?

  • Pou yo ka pi pre opinyon piblik la
English
Question 27

How many senators does each state have?

  • Two (2)
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 27 (Pa ofisyèl)

Konbyen senatè chak Eta genyen?

  • 2 (de)
English
Question 28

Why does each state have two senators?

  • Equal representation (for small states)
  • The Great Compromise (Connecticut Compromise)
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 28 (Pa ofisyèl)

Pouki sa chak Eta gen de senatè?

  • Reprezantasyon egal ego (pou ti Eta yo)
  • Gwo Konpwomi an (Konpwomi Connecticut la / Connecticut Compromise)
English
Question 29

Name your U.S. representative.

  • Answers will vary. [Residents of territories with nonvoting Delegates or Resident Commissioners may provide the name of that Delegate or Commissioner. Also acceptable is any statement that the territory has no (voting) representatives in Congress.]
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 29 (Pa ofisyèl)

Ban m non reprezantan w nan Kongrè Etazini an (U.S. representative).

  • Repons yo ap varye. [Moun ki rete nan teritwa ki gen Delege oswa Komisyonè Rezidan ki pa gen dwa vote kapab bay non Delege oswa Komisyonè sa a. Yo ka aksepte tou nenpòt deklarasyon ki di teritwa a pa gen reprezantan (ki gen dwa vote) nan Kongrè a.]
English
Question 30

What is the name of the Speaker of the House of Representatives now? *

  • Visit uscis.gov/citizenship/testupdates for the name of the Speaker of the House of Representatives.
Kreyòl Ayisyen
Kesyon 30 (Pa ofisyèl)

Ki jan moun ki Prezidan Chanm Reprezantan an (Speaker of the House) rele kounye a? *

  • Ale sou sit sa a: uscis.gov/citizenship/testupdates pou w ka wè non Prezidan Chanm Reprezantan an.